Som 36:1 (HCB)
Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.

Som 36:2 (HCB)
Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.

Som 36:3 (HCB)
Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.

Som 36:4 (HCB)
Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.

Som 36:5 (HCB)
Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.

Som 36:6 (HCB)
Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.

Som 36:7 (HCB)
Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.

Som 36:8 (HCB)
Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.

Som 36:9 (HCB)
Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!

Som 36:10 (HCB)
Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!

Som 36:11 (HCB)
Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.

Som 36:12 (HCB)
Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!
Previous Chapter
« Som 35
Next Chapter
Som 37 »

HCB Book Selection List

View full list of HCB Bible Books and Chapters