Som 100:1 (HCB)
Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.

Som 100:2 (HCB)
Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!

Som 100:3 (HCB)
Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.

Som 100:4 (HCB)
Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!

Som 100:5 (HCB)
Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Previous Chapter
« Som 99
Next Chapter
Som 101 »

HCB Book Selection List

View full list of HCB Bible Books and Chapters