Som 116:1 (HCB)
Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.

Som 116:2 (HCB)
Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.

Som 116:3 (HCB)
Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.

Som 116:4 (HCB)
Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!

Som 116:5 (HCB)
Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.

Som 116:6 (HCB)
Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.

Som 116:7 (HCB)
Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.

Som 116:8 (HCB)
Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite.

Som 116:9 (HCB)
Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.

Som 116:10 (HCB)
Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen!

Som 116:11 (HCB)
menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans!

Som 116:12 (HCB)
Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?

Som 116:13 (HCB)
M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi.

Som 116:14 (HCB)
Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.

Som 116:15 (HCB)
Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!

Som 116:16 (HCB)
Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.

Som 116:17 (HCB)
M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.

Som 116:18 (HCB)
(we vèsè pwochen)

Som 116:19 (HCB)
Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!
Previous Chapter
« Som 115
Next Chapter
Som 117 »

HCB Book Selection List

View full list of HCB Bible Books and Chapters