Job 38:1 (HCB)
Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:

Job 38:2 (HCB)
Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?

Job 38:3 (HCB)
Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.

Job 38:4 (HCB)
Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!

Job 38:5 (HCB)
Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa?

Job 38:6 (HCB)
Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la?

Job 38:7 (HCB)
Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.

Job 38:8 (HCB)
Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?

Job 38:9 (HCB)
Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo,

Job 38:10 (HCB)
mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li.

Job 38:11 (HCB)
Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.

Job 38:12 (HCB)
Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?

Job 38:13 (HCB)
Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo?

Job 38:14 (HCB)
Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.

Job 38:15 (HCB)
Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.

Job 38:16 (HCB)
Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?

Job 38:17 (HCB)
Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?

Job 38:18 (HCB)
Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!

Job 38:19 (HCB)
Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete,

Job 38:20 (HCB)
pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?

Job 38:21 (HCB)
Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou!

Job 38:22 (HCB)
Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?

Job 38:23 (HCB)
Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?

Job 38:24 (HCB)
Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè?

Job 38:25 (HCB)
Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,

Job 38:26 (HCB)
pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,

Job 38:27 (HCB)
pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann?

Job 38:28 (HCB)
Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze?

Job 38:29 (HCB)
Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'?

Job 38:30 (HCB)
Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?

Job 38:31 (HCB)
Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?

Job 38:32 (HCB)
Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?

Job 38:33 (HCB)
Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè?

Job 38:34 (HCB)
Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou?

Job 38:35 (HCB)
Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou?

Job 38:36 (HCB)
Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe?

Job 38:37 (HCB)
Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,

Job 38:38 (HCB)
pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm?

Job 38:39 (HCB)
Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,

Job 38:40 (HCB)
kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?

Job 38:41 (HCB)
Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?
Previous Chapter
« Job 37
Next Chapter
Job 39 »

Job (HCB) Chapter Selection

HCB Book Selection List

View full list of HCB Bible Books and Chapters