Matye 28:1 (HCB)
Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo

Matye 28:2 (HCB)
Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.

Matye 28:3 (HCB)
Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj.

Matye 28:4 (HCB)
Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri.

Matye 28:5 (HCB)
Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a.

Matye 28:6 (HCB)
Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a.

Matye 28:7 (HCB)
Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m' te gen pou m' di nou.

Matye 28:8 (HCB)
Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo.

Matye 28:9 (HCB)
Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l', yo kenbe pye l', yo adore li.

Matye 28:10 (HCB)
Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m' yo pou y al nan Galile. Se la y'a wè mwen.

Matye 28:11 (HCB)
Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gen tan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive.

Matye 28:12 (HCB)
Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan.

Matye 28:13 (HCB)
Epi yo di yo: Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi.

Matye 28:14 (HCB)
Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n' pale avè l' pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka.

Matye 28:15 (HCB)
Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l' la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a.

Matye 28:16 (HCB)
Onz disip yo ale sou ti mòn nan peyi Galile a, kote Jezi te di yo ale a.

Matye 28:17 (HCB)
Lè yo wè l', yo adore li. Men, te gen nan yo ki pa t' fin kwè nèt.

Matye 28:18 (HCB)
Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.

Matye 28:19 (HCB)
Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.

Matye 28:20 (HCB)
Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Previous Chapter
« Matye 27
Next Chapter
Mak 1 »

Matye (HCB) Chapter Selection

HCB Book Selection List

View full list of HCB Bible Books and Chapters