Jenez 5:1 (HCB)
Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.

Jenez 5:2 (HCB)
Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.

Jenez 5:3 (HCB)
Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.

Jenez 5:4 (HCB)
Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:5 (HCB)
Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).

Jenez 5:6 (HCB)
Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.

Jenez 5:7 (HCB)
Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:8 (HCB)
Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).

Jenez 5:9 (HCB)
Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.

Jenez 5:10 (HCB)
Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:11 (HCB)
Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).

Jenez 5:12 (HCB)
Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.

Jenez 5:13 (HCB)
Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:14 (HCB)
Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).

Jenez 5:15 (HCB)
Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.

Jenez 5:16 (HCB)
Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:17 (HCB)
Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).

Jenez 5:18 (HCB)
Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.

Jenez 5:19 (HCB)
Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:20 (HCB)
Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).

Jenez 5:21 (HCB)
Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.

Jenez 5:22 (HCB)
Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:24 (HCB)
Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.

Jenez 5:25 (HCB)
Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.

Jenez 5:26 (HCB)
Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:27 (HCB)
Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an).

Jenez 5:28 (HCB)
Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.

Jenez 5:29 (HCB)
Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.

Jenez 5:30 (HCB)
Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

Jenez 5:31 (HCB)
Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).

Jenez 5:32 (HCB)
Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
Previous Chapter
« Jenez 4
Next Chapter
Jenez 6 »

Jenez (HCB) Chapter Selection

HCB Book Selection List

View full list of HCB Bible Books and Chapters