Chapter
Revelasyon 1 Revelasyon 2 Revelasyon 3 Revelasyon 4 Revelasyon 5 Revelasyon 6 Revelasyon 7 Revelasyon 8 Revelasyon 9 Revelasyon 10 Revelasyon 11 Revelasyon 12 Revelasyon 13 Revelasyon 14 Revelasyon 15 Revelasyon 16 Revelasyon 17 Revelasyon 18 Revelasyon 19 Revelasyon 20 Revelasyon 21 Revelasyon 22Revelasyon 15 HCB
Revelasyon 15:1 (HCB)
Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.

Revelasyon 15:2 (HCB)
Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a.

Revelasyon 15:3 (HCB)
Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.

Revelasyon 15:4 (HCB)
Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.

Revelasyon 15:6 (HCB)
Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.

Revelasyon 15:7 (HCB)
Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an.

Revelasyon 15:8 (HCB)
Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.

HCB Book Selection List
View full list of HCB Bible Books and Chapters