Ezekyel 16:1 (HCB)
Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:

Ezekyel 16:2 (HCB)
Nonm o! Fè moun lavil Jerizalèm yo rekonèt tout vye bagay derespektan yo te fè yo.

Ezekyel 16:3 (HCB)
W'a di moun lavil Jerizalèm yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou se moun peyi Kanaran, se la nou fèt. Papa nou te yon moun peyi Amori, manman nou yon moun peyi Et.

Ezekyel 16:4 (HCB)
Jou ou soti nan vant manman ou lan, yo pa t' koupe kòd lonbrit ou, yo pa t' lave ou nan dlo pou yo te pwòpte ou, yo pa t' fwote ou ak gwo sèl, yo pa t' menm vlope ou nan moso kòt.

Ezekyel 16:5 (HCB)
Pesonn pa t' gen pitye pou ou pou yo te rann ou yonn nan ti sèvis sa yo. Lè ou te fèt la, pesonn pa t' vle wè ou, yo voye ou jete nan jaden.

Ezekyel 16:6 (HCB)
Mwen vin ap pase bò la, mwen wè ou t'ap benyen nan san ou. Atout ou t'ap benyen nan san ou, mwen di mwen p'ap kite ou mouri, se pou ou viv.

Ezekyel 16:7 (HCB)
Se pou ou grandi tankou yon plant nan jaden. Ou grandi, ou fòme, ou vin yon bèl jenn fi. Tete ou yo te byen kanpe, pwal te pouse sou kò ou. Men, ou te toutouni.

Ezekyel 16:8 (HCB)
Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa.

Ezekyel 16:9 (HCB)
Apre sa, mwen pran dlo, mwen lave ou, mwen wete tout san ki te sou kò ou. Mwen basinen ou ak lwil santi bon.

Ezekyel 16:10 (HCB)
Mwen mete bèl rad bwode sou ou, yon pè soulye fèt ak po bazann nan pye ou, yon bèl moso twal fin blan mare nan ren ou, ak yon chal swa.

Ezekyel 16:11 (HCB)
Mwen kouvri ou ak bijou, mwen mete braslè nan ponyèt ou, m' pase bèl chenn nan kou ou.

Ezekyel 16:12 (HCB)
Mwen mete yon grenn zanno nan nen ou, yon pè zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn sou tèt ou.

Ezekyel 16:13 (HCB)
Ou te plen bijou lò ak bijou ajan. Ou te toujou mete bèl rad twal fin ak rad swa byen bwode sou ou. Ou manje pen ki fèt ak pi bon kalite farin ansanm ak siwo myèl ak lwil. Chak jou ou vin pi bèl, jouk ou rive larenn.

Ezekyel 16:14 (HCB)
Nan tout lòt nasyon yo, yo t'ap nonmen non ou pou jan ou te bèl. Pou bèl ou pa t' ka pi bèl pase sa paske se mwen menm ki te fè ou bèl konsa. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Ezekyel 16:15 (HCB)
Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo.

Ezekyel 16:16 (HCB)
Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini.

Ezekyel 16:17 (HCB)
Ou pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo.

Ezekyel 16:18 (HCB)
Ou biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo.

Ezekyel 16:19 (HCB)
Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè.

Ezekyel 16:20 (HCB)
Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo

Ezekyel 16:21 (HCB)
kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo?

Ezekyel 16:22 (HCB)
Pandan tout tan ou t'ap viv nan dezòd sa a, ou pa janm chonje lè ou te piti, lè ou te toutouni ap benyen nan san ou lan?

Ezekyel 16:23 (HCB)
Seyè sèl Mèt la di ankò: -Madichon, madichon pou ou! Lè ou fin fè tout mechanste sa yo,

Ezekyel 16:24 (HCB)
sou tout rebò granchemen yo, ou bati tanp pou sèvi zidòl ou yo, pou fè metye jennès ou a.

Ezekyel 16:25 (HCB)
Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal.

Ezekyel 16:26 (HCB)
W' al kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki gwonèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m' fache.

Ezekyel 16:27 (HCB)
Se konsa, mwen lonje men m' sou ou pou m' pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pa t' ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo.

Ezekyel 16:28 (HCB)
Men moun sa yo pa t' ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou.

Ezekyel 16:29 (HCB)
W' al fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou!

Ezekyel 16:30 (HCB)
Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pa t' move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale.

Ezekyel 16:31 (HCB)
Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pa t' dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo.

Ezekyel 16:32 (HCB)
Ou te tankou yon madan marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l'.

Ezekyel 16:33 (HCB)
Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo soti toupatou vin kouche avè ou.

Ezekyel 16:34 (HCB)
Ou pa t' tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pesonn pa t' fòse ou fè sa. Yo pa t' peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pa t' tankou lòt jennès yo!

Ezekyel 16:35 (HCB)
Koulye a, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Seyè a ap di:

Ezekyel 16:36 (HCB)
Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl.

Ezekyel 16:37 (HCB)
Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.

Ezekyel 16:38 (HCB)
M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou.

Ezekyel 16:39 (HCB)
M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni.

Ezekyel 16:40 (HCB)
Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo.

Ezekyel 16:41 (HCB)
Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado.

Ezekyel 16:42 (HCB)
Apre sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò.

Ezekyel 16:43 (HCB)
Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?

Ezekyel 16:44 (HCB)
Seyè a di ankò: Koulye a moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap soti tankou manman l'.

Ezekyel 16:45 (HCB)
Wi, ou se pitit manman ou vre. Li pa t' vle wè ni mari l' ni pitit li yo. Ou menm moun ak sè ou yo. Yo menm tou, yo pa t' vle wè ni mari yo, ni pitit yo. Se yon fanm peyi Et ki te manman nou tout. Se yon moun peyi Amori ki te papa nou.

Ezekyel 16:46 (HCB)
Gran sè ou la rete nan nò. Se lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. Ti sè ou la rete nan sid. Se lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo.

Ezekyel 16:47 (HCB)
Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.

Ezekyel 16:48 (HCB)
Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di ou: Sè ou la, lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, yo pa t' janm rive fè tou sa ou menm lavil Jerizalèm, ou te fè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont ou yo.

Ezekyel 16:49 (HCB)
Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite.

Ezekyel 16:50 (HCB)
Yo kite lògèy vire lòlòj yo, yo fè tèt di, yo fè bagay yo konnen mwen pa vle wè moun fè. Se poutèt sa mwen disparèt yo, jan ou konnen l' lan.

Ezekyel 16:51 (HCB)
Lavil Samari menm pa t' fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l'. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.

Ezekyel 16:52 (HCB)
Ou pral wont tèt ou pou sa ou fè. Ou sitèlman fè peche ki pi lèd pase sa sè ou yo fè a, ou ba yo rezon, yo parèt inonsan bò kote ou. Wi, se pou ou wont. Se pou ou kache figi ou, paske ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.

Ezekyel 16:53 (HCB)
Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -M'ap mete yo kanpe ankò, lavil Sodòm ak lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo. Bout pou bout, ou menm tou m'ap mete ou kanpe ankò.

Ezekyel 16:54 (HCB)
Ou pral wont tèt ou pou tou sa ou te fè. Yo pral pale ou mal. Sè ou yo pral wè yo pa pi mal pase sa. Sa pral yon konsolasyon pou yo.

Ezekyel 16:55 (HCB)
Lavil Sodòm ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Lavil Samari ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Ou menm tou, lavil Jerizalèm ak tout ti bouk ou yo, nou pral kanpe ankò jan nou te ye anvan an.

Ezekyel 16:56 (HCB)
Lè ou te an penpan an, èske ou pa t' konn pase Sodòm nan betiz,

Ezekyel 16:57 (HCB)
anvan yo te denonse tout mechanste ou yo? Koulye a, se ou menm moun Aram yo, moun Filisti yo ansanm ak lòt moun nan vwazinaj ki pa vle wè ou yo pral pase nan betiz.

Ezekyel 16:58 (HCB)
Ou pral peye pou tout bagay derespektan ak bagay mwen pa vle wè ou te fè yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Ezekyel 16:59 (HCB)
Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Mwen pral boule avè ou jan ou merite l' la, paske ou pa ka kenbe pawòl ou, ou kase kontra a.

Ezekyel 16:60 (HCB)
Men, m'ap chonje kontra mwen te pase avè ou lè ou te jenn lan. M'ap siyen yon lòt kontra avè ou, yon kontra k'ap la pou tout tan.

Ezekyel 16:61 (HCB)
Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pa t' nan kontra a.

Ezekyel 16:62 (HCB)
Wi, se mwen menm k'ap siyen kontra mwen an avè ou ankò. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekyel 16:63 (HCB)
M'ap padonnen ou tou sa ou te fè. Men ou menm, w'ap chonje sa ou te fè yo, w'a wont, ou p'ap ka louvri bouch ou ankò tèlman w'a wont. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Previous Chapter
« Ezekyel 15
Next Chapter
Ezekyel 17 »

Ezekyel (HCB) Chapter Selection

HCB Book Selection List

View full list of HCB Bible Books and Chapters